Curriculum
Kou Agrikòl · Nivo Entèmedyè
Kou sa a ba ou tout enfòmasyon ou bezwen pou rekòlte epi vann mango fransik sou mache lokal ak entènasyonal. Ou pral aprann sou aks komès mango a, egzijans mache ameriken an, kontwòl kalite, ak trasabilite.
★
Ayiti ekspòte anviwon 67 500 a 80 000 tòn metrik mango fransik pa ane — sa rapòte prèske 15 milyon dola ameriken nan peyi a. Filye sa a bay travay pou dè milye de fanmi, depi nan jaden an rive nan pò ekspòtasyon an.
Peyi Ayiti genyen pase 200 varyete mango — miska, tibozo, doudous, fil, kodok, jan marl, batis, kon, blan, fransik, ak anpil lòt. Men pami tout varyete sa yo, se sèlman mango fransik nou voye vann nan peyi letranje. Komès mango sa a bay travay pou tout moun nan filye a, depi plantè a rive jiska ekspotatè a.
Se pa yon chwa oaza. Mango fransik genyen yon seri avantaj konkrè ki fè li espesyal sou mache entènasyonal la :
Mache Nich Eksklizif
Amelyore konpetitivite mango fransik la sou mache entènasyonal la, pa rapò a lòt varyete mango yo.
Pou rive nan objektif jeneral la, nou vize sis (6) rezilta espesifik :
Lè nou vann yon pwodwi agrikòl sou mache entènasyonal la, nou dwe konprann twa dimansyon fondamantal. Vwala chemen mango fransik la fè — depi jaden an rive jiska mache a :
Pwosesis fizik la — chemen mango a soti jaden rive mache
Not a member yet? Register now
Are you a member? Login now